mardi 22 janvier 2008

SA KAP PASE nan lavi Ouvriye UEBH

1. Frè Josue Cormier gen pye l kase

Frè Josue Cormier, ki se Koòdonatè Ministè Edikasyon Kretyèn Timoun yo nan misyon UEBH viktim jou ki dimanch 29 jiwè 2007 la. Frè Josue tap pase nan zòn fò mèkredi aprè match final Ajantín - Brezil. Gen kèk bandi ki te atake l, aprè ke l sot tonbe yon pye l kase. Frè Josue gen tan sibi yon operasyon nan pye, lap retabli nan moman sa yo. Ann kontinye priye pou li.

2. Kan pastè nan UEBH

Sòti 27 pou rive 29 daout 2007, plis pase 66 pastè ak asistan pastè te kanpe nan Otèl Le XaRAGUA. Tèm kan sa a se: « Le Pasteur et sa congrégation » Se te yon Kan chikchòk.

3. Aktivite Nan Federasyon Asosyasyon Jenès Misyon an

Responsab yo nan Federasyon an te òganize 19e kongrè yo ane sa, nan dat 5 pou rive 7 septanm 2007. Te gen 130 lidè kite patisipe, 130 lidè sa yo sòti nan preske tout rejyon misyon an, sof Ba Nòdwès. Nan kongrè sa jèn yo eli yon nouvo komite pou Mennen Federasyon an. Nouvo komite a dwe pase devan Asanble Misyon an pou vot. Nou swete nouvo ekip la bon travay.

4. Seminè pou jen nan 5e seksyon Senmak.

Yon delegasyon nan Komite Santral FAJ te òganize yon seminè de fomasyon pou Asosyasyon jèn ki sòti nan 5e seksyon Senmak. Seminè sa te dewoule sou edikasyon Kretyèn, sijè a se te : « wòl Ekòl Domonikal nan Kwasans espirityèl yon kwayan, ou yon gwoup kwayan ». Lòt seyans lan te sou edikasyon sivik, sijè a se te : « ki jan ou kapab afronte risk ak dezas nan kominote pa w »

5. Les Hommes Chrétiens en Action gen 15 lane

Jou ki te dimanch 18 novanm 2007 la, Gwoup « Hommes Chrétiens en Action » nan Legliz Batis Ebenezè nan Kwadèboukè sot fete 15 ane depi ke l pran nesans. Pou make 15e anivèsè gwoup la, frè yo te chante anpil bèl mizik, kretyen Legliz la te trè kontan.

6. . Pastè Borose Alexis, « AVOKA »

Pastè Borose, Sekretè nan Komite egzekitif UEBH e ki se pastè 2 legliz nan Ba Atibonit, gradye nan Fakilte dwa Gonayiv la dimanch 9 desanm 2007 la. Li te soutni memwa li nan fakilte a. Sijè a se : « De l’importance socio-juridique d’une reforme agraire ». Avèk lisans li a, lap prete sèman kòm avoka nan mwa Janvye 2008 la devan tribinal sivil SenMak.

An nou prye pou Pastè-Avoka Borose Alexis.

7. Frè Nacesse Brice te vwayaje.

Frè Nacesse Brice, ki se administratè Misyon UEBH te vwayaje pou etidye pandan twa mwa. Pandan li pala se frè Gaston Jean ki te ranplase l nan administrasyon an.

8. Frè Massillon Coicou demisyone

Frè Massillon Coicou demisyone kòm kontab misyon an. Se sè Lea Emile ki ranplase l nan pòs sa. Sè Lea se manb legliz Batis Verèt.

9. Entèvansyon UEBH 5e seksyon Senmak.

Fidèl legliz nou yo nan 5e seksyon Senmak te inonde. 11 Novanm yon delegasyon ki sòti nan UEBH te vizite zòn nan pou evalye dega e wè bezwen moun yo. Konsa jou ki te 20 ak 21 Desanm, Menm delegasyon sa a retornen nan vil SenMak, nan presbitè legliz Ebenezè pou pote èd bay 6 legliz nan zòn nan. Nou distribye manje bay 90 fanmi, nou peye lekòl pou 40 elèv, nou ede repare 35 kay, nou ede 30 moun jwenn kòb pou yo achte semans. Legliz sa yo se: Bokozèl, Jèvè, Lagranj, Belanje, Pwarye ak Bètran.

10. Enjenyè Armand Louis ak Madam li Idiana gen 25 lane depi yo marye.

Dimanch ki te 23 desanm 2007 la, a 4 trè nan aprèmidi, Otèl Montana te resevwa fanmi Armand Louis, anpil zanmi ak kèk lidè nan fanmi UEBH. Koup Armand tap fete 25 lane depi yo marye. Yo gen 3 pitit fi ak 1 pitit gason. 3 nan timoun sa yo nan Fakilte medsin. Se te yon bèl seremoni ki te òganize pou yo remèsye Bondye pou byenfè li anvè yo.

Enjenyè Armand se Direktè Kolèj Maranatha, Trezorye Komite Egzekitif UEBH epi tou Dyak nan Legliz Tabènak.

Aucun commentaire: