mardi 22 janvier 2008

SA KAP PASE nan legliz UEBH yo

1. Legliz Batis Bòlòs fè Konferans Misyonè

Sòti 24 pou rive 28 oktòb 2007, Responsab yo nan Depatman evangelizasyon Legliz Batis Bòlòs te òganize Konferans Misyonè. Mouvman saa tabli depi lane 1980. Yo te jwenn tèm yo nan Pwovèb 11:24, ki di “tank ou bay plis ou vin’ pi rich’’. Responsab yo te envite Pastè Wilfrid Michel (foto) ki travay nan Chan Misyonè Labe Moustik (Baie des Moustiques), zòn Ba Nòdwès. Yo te pwofite bay rapò pou ane a. Gen 203 moun ki konvèti, ak 123 « anfan pwodig » ki reprann plas yo. Nou vle di Bondye Mèsi pou bèl aktivite saa.

2. Legliz Batis Tabènak atire etranje pou levanjil

28 oktòb pou rive 11 novanm 2007, Legliz Batis Tabènak nan Pòtoprens, te òganize 2 semèn konferans evanjelizasyon. Yo te jwenn tèm konferans yo nan Jan 1:50 ki di konsa : ‘’Puisque tu crois tu verras de plus grandes choses’’. Nan konferans saa te gen 56 moun ki konvèti, ladan yo, gen 13 etranje, pifò se militè Meriken ki nan kowalisyon an nan Irak. Te gen 2 Arab tou ki bay Jezi-Kris lavi yo pandan konferans lan.

Se te 4 oratè ki te preche pandan 2 semèn konferans yo: Pastè Joël Vibert (Legliz de Dye Kafou Fèy), Pastè Caude Jacques (Fontamara), Pastè Lusson Napoléon (Legliz Bellevue Salem Delma 24), Pastè Gersan Valcin (Legliz Kominote Evanjelik, Delma 75). Kretyen yo te trè motive, malgre te gen tanpèt ak anpil lapli, yo soti al bay levanjil la. Sa se yon bèl egzanp pou lòt moun kap chache bon tan pou yo sèvi BonDye. Konferans saa te mete yon revèy espirityèl nan Legliz la.

3. Chan Misyonè Mèseron

Jou ki te premye desanm 2007 la, responsab yo nan Legliz Batis Tabènak te òganize yon jounen klinik mobil nan chan misyonè Kafou Mèseron, yon lèv Legliz Batis Tabènak tabli nan zòn Gantye depi plis pase 2 lane. Pandan jounen klinik saa, plis pase 450 moun te konsilte epi yo te benefisye medikaman gratis ticheri.

4. Legliz Batis Koray Nan Gwo Mòn

Pastè Diogène Pierre, Prezidan Mision UEBH, te òganize nan dat 3 pou rive 6 desanm 2007 la yon toune evanjelizasyon nan lokalite Koray, 3e seksyon Rivyè Blanch, komín Gwo-Mòn. Nan toune saa, gen 12 moun ki konvèti, 22 moun batize nan dlo, pastè a fè 2 maryaj epi prezante 17 timoun bay Senyè a.

5. Egliz Batis Delma 19

Soti 16 pou rive 23 desanm, responsab yo nan depatman Lekòl Dimanch òganize yon semenn konferans pou yo klotire ane travay yo. Tèm Konferans saa se te: “L’importance de la Parole de Dieu dans la vie chrétienne”. Te gen plizye konferansye ki te preche, pa egzanp, pastè Falaise Wilson, frè Fanier Justima.

6. Legliz Bòlòs gen yon nouvo Pastè Titilè

Dimanch 25 novanm 2007 la, te gen yon gwo seremoni Pasasyon Tit ki te fèt nan Legliz Batis Bòlòs. Pastè Jean Duthène Joseph (foto agoch), aprè 32 lane sèvis pase mayèt la bay Pastè Espérance Saint-Jacques (foto adwat) ki te pastè asosye. Pastè Duthène pa nan peyi Ayiti depi kèk lane. Li te vwayaje pou rezon sante epi tou pou l te ka asire enterima nan legliz Batis Spring Valley (Nouyòk) kote defen pastè Tony Joseph tap dirije. Jou 25 Novanm sa a legliz la te ranpli. Te gen delegasyon ki te soti lòtbò ak nan anpil lòt òganizasyon ki te la. Preske tout manm Legliz la te prezan. Pastè Duthène pat kab vini pou seremoni an men li te voye yon mesaj anrejistre ki fè moun yo te byen kontan tande vwa ansyen pastè yo.

7. Legliz Bòlòs fè yon vire tounen evanjelizasyon nan TiPlas Kazo

Nan dat ki te 17 oktòb 2007, responsab yo nan Legliz an Aksyon nan Legliz Batis Bòlòs te òganize yon toune evanjelizasyon nan lokalite TiPlas Kazo, zòn Dèlma 33 nan Pòtoprens. Nan toune saa, te gen 40 moun ki te pran desizyon pou remèt Jezi-Kris lavi yo.

Aucun commentaire: