jeudi 8 mai 2008

SA KAP PASE nan lavi Ouvriye UEBH

Kan pou predikatè
Koòdonatè Legliz yo nan misyon UEBH , Pastè Solange Joseph te òganize yon seminè fòmasyon pou lidè Legliz baatibonit yo.Seminè sa te fèt 17 pou rive 19 mas 2008 la. Se Dr David Schmid ki te anime seyans yo.

Pastè Wilfaite René ak madanm li gen 32 lane depi yo marye.
27 mas 2008 la fè Pastè Wilfaite René ak madanm li 32 lane depi yo marye. Pastè Wilfaite se kontab nan misyon UEBH.

Direktè Administrasyon UEBH la demisyone
Frè Nacesse Brice bay demisyon l kòm Direktè Administratif misyon an. Jou ki te 7 me 2008 la, dènye jou Frè Nacesse nan biwo a, responsab yo te òganize yon ti fèt nan lokal misyon an pou onore Administratè a. Plizyè pèsonalite te pran lapawòl nan sikonstans lan pou eksprime santiman apresyasyon yo pou frè Nacesse. Pami yo te gen Pastè Solange, frè Italis nan non anplwaye yo, Mèt Armand, Pastè Diogène, Pastè Simon ak sè Valville. Frè Nacesse te pale tou pou remèsye tout estaf la ki te travay ak li pandan tout ane sa yo.

Aucun commentaire: