jeudi 1 mai 2008

SA KAP PASE nan Ministè UEBH

Nouvo Komite Santral FAJ
Frè Nose-Régent Poliard se nouvo Koòdonatè santral jèn yo te vote nan 19èm kongrè ki te fèt nan Vèrèt nan mwa septanm lane pase a. Nouvo komite sa a te apwouve nan asanble anyèl nan mwa janvye a. Nouvo komite sa a gen ladan Poliard Nose-Régent (Koòdonatè), Jaky Chéry (Vis Koòdonatè), Wislet Solon (trezorye), Cherubin Février (responsab relasyon piblik), Walner Sainrisma (sekretè). Lòt de (2) konseye yo se Komite Santral la kap chwazi yo.

Komite Rejyonal Jèn yo nan Lwès
Dimanch 30 mas 2008 la, Komite Rejyonal jèn yo nan Lwès te mobilize tout asosyasyon jenès nan rejyon an. Plizyè gwoup jèn te soti nan lokalite pa yo pou yo ale nan legliz Batis Petyonvil (EBEP) pou patisipe nan yon bèl pwogram. Te gen plis pase 350 jèn fi ak gason ki te prezan , jèn ki soti nan 19 legliz mision UEBH genyen nan rejyon Lwès. Pwogram nan te rich anpil epi nou te rive dekouvri anpil nouvo talan.

Aucun commentaire: