jeudi 1 mai 2008

SA KAP PASE nan Legliz UEBH

Konferans Misyonè nan Legliz Batis Lamòt
Sòti 21 pou rive 24 fevriye 2008, responsab Legliz Batis Lamòte te òganize premye konferans misyonè yo. Tèm konferans lan se te : Ale tou patou, anonse bòn nouvèl la bay tout moun (Mak 16 :15). Te gen diferan predikatè ki te pran lapawòl, tankou Pastè Justima Fanier, Johny Philippe, ak Roger Derpilus. Konferans lan te fini ak youn espesyal film sou Senegal. Legliz Lamòt vle soutni pwogram ajans misyonè Vizyon Antyòch epi tou sipòte koup Roger Derpilus ki pral kòm misyonè nan Senegal. Priyorite Legliz Lamòt pou lane sa a se evanjelizasyon.

Misyon UEBH ap enplante yon Legliz nan Gonayiv
Konstriksyon tanp Gonayiv la ap vanse trè byen. Pastè Solanj ak Pastè Simon te vizite pwojè konstriksyon sa a. Kay la fin kouvri ak kouvèti metalik. Rete kèk ti travay ki pa sipoze twòp tan

Fèt mwason nan Legliz Batis Bodwa
Soti 9 pou rive 16 Mas, te gen konferans mwason nan legliz Bodwa. Depi Jedi 13 Mas, Pastè Fanier Justima te Bodwa kòm Konferansye. Ane sa a yo te pale sou jerans kretyèn. Konferans la te fini ak yon gwo fèt mwason. Legliz Lari te fè yon sèl ak Bodwa pou fèt mwason sa a. Menm jan an tou, legliz Bodwa ap monte Lari jou dimanch ki te 6 Avril pou fèt mwason pa yo.

Bèl Konferans mwason nan Legliz Ebenezè nan Vèrèt.
Depi dimanch 30 mas la, responsab yo kòmanse ak konferans mwason nan Legliz Ebenezè nan Vèrèt. Konferans sa te bout dimanch 6 avril ak yon seremoni batèm kote 25 moun te plonje nan dlo.

Konferans Mwason nan Legliz Betèl Gwomòn
Nan dat 2 pou rive 9 mas 2008 la, responsab yo nan Legliz Betèl nan Gwomòn te òganize bèl konferans mwason yo. Tèm nan se te : La libéralité chrétienne, daprè 2 Kor. 9:6-10. Te gen plizyè predikatè lokal ki te pran lapawòl, se Frè Ronald Jeanty ki te klotire konferans sa.

Vireron Evanjelizasyon nan Jwano
Responsab yo nan Leglis Ebenezè Kwadèboukè te reyalize you toune evanjelizasyon nan Jwano, jou ki te 2 mas 2008 la. Pandan kanpay sa a yo te jwenn yon (1) nanm pou Senyè a.

Yon lòt bon Rekòt pou Senyè a
Frè Sithauh ak kèk lidè nan Legliz Batis Siloe nan Vyon te òganize yon Kanpay evanjelizasyon nan zòn Bochan (Kabarè, Nodwès), nan dat 10 pou rive 17 fevriye 2008 la. Te gen 40 moun ki te remèt Jezikri lavi yo.

Legliz Eben-Ezè Vèrèt konte 35 konvèsyon
Gwoup Temwen Fidèl nan Legliz Batis Ebenezè Vèrèt te òganize yon toune evanjelizasyon jou ki te madi 18 mas 2008 la. Pandan toune sa a, te gen 35 moun ki te asepte Jezikri nan lavi yo.

Aucun commentaire: